Chak mòd gen pwòp zouti li. Ou chwazi yon sèl fwa, epi PotoBiz adapte l pou ou.

Vant, estòk, kliyan, founisè ak faktè pou boutik ak distribisyon.

Medikaman, dat ekspirasyon, pasyan, doktè ak randevou nan yon sèl kote.

Swiv chak kòmand de A a Z: tab, kwizin, meni ak livrezon.

Kòmand kliyan, eskanè kòd bar ak notifikasyon WhatsApp otomatik.

Elèv, klas, frè eskolè, nòt ak bilten pou lekòl ak enstitisyon.
Pratik ki fè diferans, apliyike selon reyalite w ap jere a.
San yon envantè regilye, ti pèt yo vin gwo pèt san w pa remake. Modil Stock la ede w konpare sa ki dwe la ak sa ki reyèlman la.
Yon sèl gwo pil medikaman ekspire ka koute w plizyè mil goud. Modil Dates d'Expiration la avèti w anvan sa rive.
San w pa konnen kòb yon plat koute, ou ka vann li anba pri san w pa rann kont. Kalkile kou a anvan w fikse pri meni an.
Yon kliyan ki tann san nouvèl konn bliye vin chèche rad li. Notifikasyon WhatsApp otomatik la fè yo tounen pi vit.
Yon elèv ki gen frè an reta ka pase inaperçu san yon lis klè. Modil Elèv la montre imedyatman ki moun ki peye ak ki moun ki dwe toujou.
Pou Komès, Famasi, Restoran ak Pressing. Disponib sou Windows ak Android, tout kalkil an Goud Ayisyen (HTG).
Kreye yon kont gratis sou sit la, pou jere lisans ak acha ou. Kont pou itilize App la se yon lòt bagay: li kreye apa, dirèkteman nan App la.