7 modil debaz, plis yon jesyon ki adapte selon tip biznis ou.
Anrejistre vant, resevwa peman ak jere operasyon caisse chak jou.
Pwodwi, antre/sòti, ak swiv nivo estòk an tan reyèl.
Istorik acha, balans, ak enfòmasyon kontak pou chak kliyan.
Jesyon founisè ak achte pou repwovizyone estòk ou.
Swiv ak klase tout depans biznis ou pa kategori.
Jounal Jeneral, ekriti ak rapò kontab, jenere otomatikman.
Analize aktivite biznis ou ak endikatè kle, an yon kout je.
Medikaman, tab restoran, kòmand pressing: app la adapte selon tip biznis ou.
Wè detay pa tip biznis →Nou pran plizyè mezi pou pwoteje enfòmasyon biznis ou, pa gen pwomès absoli, jis pratik serye.
Kreyasyon kont mande verifikasyon imèl ak yon kòd 6-chif anvan aksè kòmanse.
Kreye yon kont pou chak anplwaye ak yon wòl presi: Manadjè, Kesye, Vandè, elt.
Ou deside ki wòl ki ka wè/modifye ki paj: rapò finansye rete rezève pou moun ou chwazi.
Se ou ki chwazi lè w vle travay lokal oswa sou Cloud: pa gen anyen ki fèt san w pa konnen.
Ekspòte yon sovgad konplè nenpòt lè, dirèkteman nan Paramètres.
Pou Komès, Famasi, Restoran ak Pressing. Disponib sou Windows ak Android, tout kalkil an Goud Ayisyen (HTG).
Kreye yon kont gratis sou sit la, pou jere lisans ak acha ou. Kont pou itilize App la se yon lòt bagay: li kreye apa, dirèkteman nan App la.