Apwopo PotoBiz

Fèt an Ayiti, pou biznis ayisyen.

Pifò lojisyèl jesyon biznis pa fèt pou reyalite peyi a. Yo mande yon entènèt ki toujou stab, yo pa kalkile an Goud, e pri yo twò wo pou ti ak mwayen antrepriz. PotoBiz bati sou 3 prensip senp: travay san entènèt an premye, kalkile an Goud Ayisyen depi kòmansman, ak yon pri ki rete abòdab pou biznis lokal yo.

Ofline-First

Pa gen entènèt pa dwe vle di pa gen vant.

An Goud Ayisyen

Tout kalkil fèt an HTG, san konvèsyon k ap konfonn ou.

Pri Abòdab

Fèt pou ti ak mwayen antrepriz, pa gwo antrepriz etranje.