Si w itilize app la an Mòd Lokal (san kont Cloud), nou pa kolekte AYEN: tout done ou rete sou pwòp aparèy ou, nou pa gen aksè ditou.
Si w kreye yon kont Cloud, nou kenbe: imèl ou (pou koneksyon ak verifikasyon), ak done biznis ou a (pwodwi, vant, kliyan, elt.) pou nou ka senkwonize yo ant aparèy ou yo.
Done Cloud yo estoke sou Firebase (Google Cloud), pwoteje pa règ sekirite ki izole chak biznis apa: okenn lòt itilizatè pa ka wè done ou.
Non. Nou pa vann, pa lwe, ni pataje done ou ak okenn twazyèm pati pou rezon maketing.
Nou kenbe done ou toutotan kont Cloud ou aktif. Si w mande n efase kont ou, nou efase done ou nan yon delè rezonab.
Pou nenpòt kesyon sou done ou, oswa pou mande n efase kont Cloud ou, kontakte nou sou WhatsApp (gade paj Pri a).
Pou Komès, Famasi, Restoran ak Pressing. Disponib sou Windows ak Android, tout kalkil an Goud Ayisyen (HTG).
Kreye yon kont gratis sou sit la, pou jere lisans ak acha ou. Kont pou itilize App la se yon lòt bagay: li kreye apa, dirèkteman nan App la.