Apre w konekte, ou chwazi youn nan 2 fason pou travay.
Ou chwazi kenbe done biznis ou a sou aparèy w ap itilize a, ou anrejistre dirèkteman sou disk lokal ou a, fichye ekstansyon an se .ptb. Pa gen entènèt obligatwa ditou, e done yo rete SOU MENM aparèy la sèlman.
Oswa ou chwazi travay sou Cloud pito: done ou yo rete sou entènèt e yo senkwonize otomatikman sou TOUT aparèy ou konekte, Windows kou Android, an tan reyèl. Pafè pou lè w gen plizyè pwen vant oswa plizyè anplwaye k ap travay ansanm.
Kreye kont pou chak anplwaye ak wòl presi: kesye a fè vant, men se sèl ou ki wè rapò finansye yo.
Kontabilite, ajman, aging kliyan/founisè ak dizèn rapò deja pare, san w pa bezwen konte fèy Excel.
Kèk pratik pou jwenn plis nan sa PotoBiz ofri.
Menm san entènèt, kontinye vann nòmalman. Ofline-First vle di app la travay tout tan: senkwonizasyon an fèt lè koneksyon an tounen.
De boutik, menm done. Kèlkeswa kote yon vant fèt, tout lòt aparèy yo wè l imedyatman.
Yon kesye pa bezwen wè rapò finansye yo. Wòl presi yo pwoteje enfòmasyon sansib ou.
Yon ti tan chak mwa sou Comptabilité ak Rapports ede w wè si biznis ou ap grandi vrèman.
Pou Komès, Famasi, Restoran ak Pressing. Disponib sou Windows ak Android, tout kalkil an Goud Ayisyen (HTG).
Kreye yon kont gratis sou sit la, pou jere lisans ak acha ou. Kont pou itilize App la se yon lòt bagay: li kreye apa, dirèkteman nan App la.