App la pa bloke ditou. Li antre nan yon mòd lekti sèlman: ou ka toujou wè tout done ou (vant, rapò, kliyan, elt.), men ou pa ka kreye oswa modifye anyen nouvo jiskaske w aktive yon kòd lisans. Done ou pa janm pèdi.
Wi, si w chwazi travay an Mòd Lokal. Done yo sove dirèkteman sou aparèy ou (fichye .ptb), san okenn koneksyon obligatwa.
Non, pa gen limit, ni pandan esè gratis la, ni apre.
Ale nan Paramètres → Exporter une Sauvegarde. Nou rekòmande fè sa regilyèman, menm si w gen Cloud aktive.
Wi, ou ka ajiste sa nan Paramètres. Sepandan, li pi senp chwazi bon tip la depi kòmansman pou evite rekonfigire modil yo.
Windows ak Android, sa gen ladan tablèt Android tou, paske app la adapte otomatikman ak gwosè ekran an. Si w aktive Cloud, menm kont lan ka itilize sou tou de an menm tan, ak done ki senkwonize otomatikman.
Se fichye ki kenbe yon biznis konplè an mòd lokal: vant, pwodwi, kliyan, elt. Ou ka kreye plizyè fichye .ptb pou jere plizyè biznis apa sou menm aparèy la, oswa pataje youn pa kopi USB/imèl.
Wi, swa ak plizyè fichye .ptb apa (mòd lokal), swa ak plizyè kont Cloud diferan si w vle yo separe nèt.
Pou kounye a, kontakte nou sou WhatsApp (gade paj Pri a) pou aktive lisans ou manyèlman. Peman an liy pa MonCash ap vini byento.
Pou Komès, Famasi, Restoran ak Pressing. Disponib sou Windows ak Android, tout kalkil an Goud Ayisyen (HTG).
Kreye yon kont gratis sou sit la, pou jere lisans ak acha ou. Kont pou itilize App la se yon lòt bagay: li kreye apa, dirèkteman nan App la.