Fonksyonalite

Tout sa biznis ou bezwen, yon sèl kote.

7 modil debaz, plis yon jesyon ki adapte selon tip biznis ou.

Vant ak Kès

Anrejistre vant, resevwa peman ak jere operasyon caisse chak jou.

Jesyon Estòk

Pwodwi, antre/sòti, ak swiv nivo estòk an tan reyèl.

Kliyan

Istorik acha, balans, ak enfòmasyon kontak pou chak kliyan.

Founisè

Jesyon founisè ak achte pou repwovizyone estòk ou.

Depans

Swiv ak klase tout depans biznis ou pa kategori.

Kontabilite

Jounal Jeneral, ekriti ak rapò kontab, jenere otomatikman.

Rapò

Analize aktivite biznis ou ak endikatè kle, an yon kout je.

Jesyon Espesyalize

Medikaman, tab restoran, kòmand pressing: app la adapte selon tip biznis ou.

Wè detay pa tip biznis →
Sekirite

Done ou, byen jere.

Nou pran plizyè mezi pou pwoteje enfòmasyon biznis ou, pa gen pwomès absoli, jis pratik serye.

Koneksyon verifye

Kreyasyon kont mande verifikasyon imèl ak yon kòd 6-chif anvan aksè kòmanse.

Kont anplwaye ak wòl

Kreye yon kont pou chak anplwaye ak yon wòl presi: Manadjè, Kesye, Vandè, elt.

Kontwòl aksè pa paj

Ou deside ki wòl ki ka wè/modifye ki paj: rapò finansye rete rezève pou moun ou chwazi.

Senkwonizasyon kontwole

Se ou ki chwazi lè w vle travay lokal oswa sou Cloud: pa gen anyen ki fèt san w pa konnen.

Sovgad fasil

Ekspòte yon sovgad konplè nenpòt lè, dirèkteman nan Paramètres.